Go to content / Go to navigation / Go to search



Estope Degèpisman w

Avi Pou Degèpisman


Lè yo rantre yon jijman kont ou nan Tribinal pou Lojman (Housing Court), rantye w la ka nan moman sa a mande pou yo ekzekite yon manda degèpisman bay yon Machal Vil Nouyòk la (a New York City Marshal). Manda a se yon moso papye ki bay machal la pèmisyon pou degèpi w nan apatman an. Aprè machal la resevwa manda a, machal la dwe delivre li pèsonèlman oswa voye pou ou pa lapòs yon Avi Pou Degèpisman ki fè w konnen yo pral degèpi w trè pwochènman. Prèske tout degèpisman fèt pa yon machal Vil la.

Si ou ta gen yon ka degèpisman nan tribinal kont ou nan Kou Siprèm la, Manda Degèpisman an ka vin nan men Cherif la.
Gen de (2) kalite Manda Pou Degèpisman. Premye a, yon “72-èdtan Manda Degèpisman,” fèt pou yo remèt ou li nan men pèsonèlman. Si w resevwa kalite manda sa a, yo ka fè w degèpi nan katriyèm jou ouvrab la aprè dat ou resevwa manda a oswa nepòt jou aprè sa. “Jou ouvrab” yo se lendi jiska vandredi, sof jou legal yo. Dezyèm kalite manda pou degèpi rele “Avi Pou Degèpisman.” Si w resevwa kalite manda sa a—ou ka resevwa alamen, Pa lapòs, oswa kòlè sou pòt lakay ou, —yo ka fè w degèpi nan sis jou ouvrab aprè dat manda a oswa nenpòt jou aprè sa.
Pou tout de manda sa yo, mont la kòmanse ap mache pou dat posib pou degèpisman apatide dat manda a epi se pa dat ou te resevwa manda a.

Kouman pou Estope Degèpisman w


Sèl fason ou ka estope yon degèpisman aprè ou resevwa Manda Pou Degèpisman an se pou ale nan Tribinal pou Lojman an e mande pou yon Lòd Pou Montre Kòz. Ale nan biwo Grefye a nan Tribinal Lojman nan awondisman w la epi di yo ou ta renmen pou fè yon Lòd pou Montre Kòz. Ale imedyatman. Nan Brooklyn, Tribinal Lojman an se nan 141 Livingston Street epi biwo Grefye a nan 2èm etaj

Grefye a pral ba w yon Deklarasyon ekri sou sèman pou ranpli. Tcheke oswa mete inisyal ou akote deklarasyon w yo sou fòm ki aplike pou ka w la. Ekri nan maj yo, oswa kole yon paj sou li si w bezwen ajoute yon bagay.


Si w genyen dokiman pou sipòte reklamasyon w yo, atache kopi yo sou Deklarasyon ekri sou sèman w la. Pou

Sou Deklarasyon ekri sou sèman w la, deklare rezon yo pa dwe fè w degèpi. Men enpe nan rezon ki posib yo:

  1. Ou pat janm resevwa papye tribinal yo sou ka a avan Manda pou Degèpisman an.
  2. Ou te peye ou te dwe rantye w la, oswa rantye w la te refize pran peman yo.
  3. Rantye w la pat fè okenn reparasyon oswa pat founi chofay oswa dlo sho.
  4. Ou te aplike pou wèlfè oswa nan yon lòt ajans pou èd, epi ajans pat travay sou aplikasyon w la.
  5. Ou pa dwe tout sa rantye w la deklare ou dwe li.
  6. Jij la pral deside si rezon yo bon ase pou estope degèpisman sa a.

Sonje: Pwobableman ou PAP gen yon chans pou pale ak Jij la sou Lòd pou Montre Kòz ou an. Jij la pral pran desizyon li baze sou sa ou te ekri sou Deklarasyon ekri sou sèman w la ak lòt dokiman ou atache sou li. Asire ou ekri tout bagay ou vle Jij la konnen sou ka w la epi atache dokiman yo pou sipòte sa ou te ekri yo.

Asiyasyon Papye yo


Si Jij la siyen Lòd pou Montre Kòz ou an, ou dwe delivre (asiyen) kopi Lòd Moun Montre Kòz la pèsonèlman bay avoka rantye w la (oswa rantye a limenm si li pa gen yon avoka) ak yon pou machal la. Mande moun ki te aksepte kopi an pou siyen kopi w la epi ekri dat ak lè ou te delivre kopi a. Si moun la refize siyen, make yon nòt pa dèyè kopi w la dat ak lè ou te delivre kopi a, adrès, ak deskripsyon ak/oswa non moun ki te pran papye yo nan men w. Pafwa Jij la pral ekri sou Lòd Pou Montre Kòz la ke w kapab voye kopi lòd la pa Kourye sètifye oswa pa Kourye regilye ak yon Sètifika Postal. Voye yo konsa si sèlman Jij la di w ou ka fè li konsa. Kenbe kopi Lòd Pou Montre Kòz ou a ki gen siyati sou li a ak nòt sou li oswa resi lapòs la, epi pote yo avèk ou nan tribinal la jou ou gen pou ale a. Make enfòmasyon sou kijan ou te delivre Lòd Pou Montre Kòz ou an sou Deklarasyon ekri sou sèman pou Sèvis tribinal la founi.

Retounen nan Tribinal


Ale nan tribinal jou eskedil Lòt pou Montre Kòz ou an. Pinga ou an reta. Si ou manke jou odyans nan tribinal ou an, pwobableman ou pap gen yon lòt chans pou wè Jij la. Pote tout dokiman pou pwouve ou te remèt Lòd Pou Montre Kòz ou an bay avoka rantye w la an bay machal la, ak tout dokiman ak temwen ou bezwen pou pwouve pati pa w nan ka sa a. Pa egzanp, si w te peye lwaye a, pote prèv peman yo. Si ou bezwen plis tan pou ka jwenn yon bous nan men asistans piblik, pote prèv asistans piblik la kote ou te aplike pou bous sa a. Si ou konnen rantye w la te chaje twòp lajan, pote prèv ke lwaye w la dwe pi ba, tankou dosye anwolman lwaye yo nan men Depatman Lojman ak Renouvèlman Kominotè (Department of Housing and Community Renewal (DHCR), ki nan 55 Hanson Place nan Brooklyn.

Rantye w la ka ofri w pou siyen yon nouvo kontra avèk ou lè w ale nan tribinal. Asire w ou konprann tout akò a epi siyen li sèlman si ou konnen ou ka viv ak demann li yo.

Kisa Pou Fè Aprè Ou Sòti Nan Tribinal la


Si ou siyen nouvo kontra a lè w te nan tribinal la oswa si jij la te pran yon desizyon epi te baw yon lòt alekri, asire w ou te li ak atansyon epi swiv tout kondisyon ki ladann yo. SI ou pa swiv regilasyon akò a, yo ka fè w degèpi. Pafwa yon Jij, pral “Delè anvan egzekisyon manda a ” pou peryòd tan pou ba w chance “pou satisfè jijman an.” Ki vle di ou genyen jiska dat Jij la baw pou peye lajan ou dwe a. Si w pa peye alè, yo ka fè w degèpi.

Kisa Pou Fè si Tribinal la P’ap Estope Degèpisman w la


Si yo denye Lòd Pou Montre Kòz ou an, ale nan yon ofis Sèvis Legal oswa Ofis Asistans Legal imedyatman ak mande pou jwenn èd. Sizoka sityasyon w vin chanje avan degèpisman w la (pa egzanp, ou resevwa yon bouse pou lajan ou dwe a), ou ka mande pou yon lòt Lòd Pou Montre Kòz. Si yo pa akòde w li yo ka fè w degèpi trè pwochènman epi ou dwe prepare w pou kite kay la. Pakè yon valiz I genyen tout sa ou genyen ki gen valè, medikaman, papye, rad, eksetera, epi kòmanse pakè tout lòt bagay ou yo.

Rele machal la pou ka konnen si w genyen yon eskedil pou degèpisman nan yon dat anpatikilye. Nimewo telefòn pou machal la dwe sou papye Manda Pou Degèpisman an. Prèske tout machal yo pa fè eskedil pou degèpisman avan pi ta nan laprè midi (apeprè 4:00 p.m.) nan jou avan degèpisman an te dwe fèt. Rele machal la chan apremidi pou ka konnen si w genyen yon eskedil pou degèpisman pou lelandemen.

Si gen moun k ap viv lakay ou ki andikape oswa ki granmoun anpil, epi ou resevwa yon Manda pou Degèpisman, kite machal la konnen sou moun sa a. Machal la oblije ou li kite Sèvis Pwoteksyon Pou Adilt (Protective Services for Adults) (“PSA”) la konnen, ki pral deleye degèpisman an pou apeprè de (2) semèn. PSA dwe voye yon lèt pa apatman w la pou ba w yon chans pou rele ajans la pou ka wè si gen yon fason ou ka evite degèpisman w la.

Si geyen yon nouvo ne, timoun ki gen mwen s pase de (2) mwa oswa mwens, oswa si yon geyen yon timoun pi gen mwens pase 18 tan ki soufri ak yon maladi oswa andikape k ap viv nan apatman a, rele epi kite machal la konnen. Si degèpisman an ka mete timoun sa a nan danje (pa egzanp, lè fè frèt anpil deyò a), machal la dwe deleye degèpisman a pou peryòd ki brèv pou ka bay paran oswa gadyen timoun sa a yon chans pou deplase timoun la nan yon lòt kote.

Machal la ka mande pou w founi yon prèv alekri ke yon moun nan fwaye w la andikape oswa gran moun anpil. Yon lèt nan men doktè, ak denesans, oswa lòt dokiman ka bon ase.

Kisa k ap Pase Pandan yon Degèpisman


Lè yo fè w degèpi, ou gen tout dwa pou pran tout afè pèsonèl ou yo. Yon machal ka fè w degèpi nan de (2) fason. Premye a, machal la ka chanje kle nan pòt antre apatman w la epi kite yon manda ki deklare yo te fè w degèpi. Rantye w la, alèkile dwe founi w aksè pou retire tout afè pèsonèl ou yo nan apatman an. Deziyen la, machal la oswa rantye w la ka fè yon Konpayi demenajman pou mete tout afè pèsonèl ou yo nan yon depo. Yo dwe kite w konnen ki kote yo kenbe bagay ou yo. Si yo mete bagay ou yo nan yon depo, ou pral gen pou peye pou al pran yo. Depatman wèlfè a ka peye frè yo pou ou. Si ou pa peye frè yo, konpayi depo a ka vann tout bagay ou yo nan yon sèten peryòd tan.

This article was posted January 25, 2008