Go to content / Go to navigation / Go to search



Dis Pi Gwo Erè Lokatè yo Fè Nan Tribinal Pou Lojman

Tribinal pou Lojman ka bay anpil konfizyon ak entimidasyon. Anpil lokatè jwen degèpisman san nesesite akòz yon erè senp yo te ka evite. Si ou swiv konsèy nou bay anba la, epi ou òganize w ak di Jij la sa ki te rive sou bò pa w, ou gen yon bon chans pou kenbe apatman w la.

Iyore dokiman tribinal yo


Anpil degèpisman rive paske lokatè yo pat reponn dokiman tribinal yo. Lè w resevwa yon “deposesyon” (yon petisyon paske ou pat peye), ou dwe pote li nan tribinal la imedyatman—menm si ou espere pou peye lwaye a vit, menm si wèlfè di yo pral peye, menm si ou deja peye lwaye a, menm si rantye w la di w “ou pa bezwen enkyete w sou sa.”

Manke dat tribinal yo


Eksepte pou yon ka dijans ki serye, anyen pa pi enpòtan pase dat tribinal la. Ou ka pa ka jwen yon lòt dat pou ka wè jij la si ou make randevou w la.

Rive an reta


Anpil lokatè pèdi apatman yo an paske yo rive nan tribinal la kèk minit anreta. Kite kay ou bonè anpil pou asire w ou rive nan tribinal la pa 9:30 a.m.

Ale nan yon move sal la


Anpil lokatè pèdi apatman yo an paske yo chita tann nan yon move sal pa kote yo te dwe ale a epi yon pèdi ka yo a. Tcheke dokiman tribinal ou yo ak atansyon pou ka konnen ki nimewo sal la ou dwe ale an. Si ou pa si konplètman, mande ofisye tribinal la swa grefye an nan Sal 203.

Siyen yon Akò ou pa konprann


Apil ka pou lojman vin regle pa yon akò ki rele “estipilasyon”. Pa siyen okenn akò si ou pa konprann li konplètman oswa ou pa dakò sou sa li di. Pa dakò pou peye plis pase sa w konnen ou dwe yo. Jij la, la pou reponn kesyon w yo epi asire li akò a te jis.

Dakò ou peye lajan, epi “ou kenbe peman an” paske yo pat fè reparasyon yo.


Prèske tout akò tribinal egzije pou peye menm si yo pat fè reparasyon yo. Si rantye w la pa fè reparasyon yo, ou pa kapab jis kenbe peman yo, oswa yon pral fè w degèpi. Ou dwe retounen wè Jij la lemoman rantye a pat fè reparasyon yon nan dat delè a.

“Kenbe peman” lwaye a epi depanse li


Si rantye w la pa repare apatman w la, ou gen dwa pou kenbe peman an, ki vle di ou dwe sere li jiskaske rantye a mennen w nan tribinal. Tribinal, sepandan, pa prèske jamè redwi lwaye ou dwe an pou zewo. Lokatè ki depanse tout oswa pati nan lajan lwaye a mete tèt yo nan gwo danje pou jwenn degèpisman.

Kite dokiman enpòtan lakay ou


Asire ou pote tout dokiman enpòtan yo avèk ou nan tribinal la chak fwa ou ale. Anpil lokatè pèdi ka yo an paske yo “kite resi lwaye yo lakay yo.”

Tann pou Manda 72 Èdtan an


Si ou pa kapab peye jijman an nan dat delè ki nan akò tribinal ou an, pa rete tann pou Manda 72 Èdtan an pou retounen nan tribinal la. Anpil lokatè pa janm resevwa Manda 72 Èdtan an, epi yo resevwa degèpisman pa sipriz nan plas li.

Peye ak kach san w pa resevwa yon resi


Pa janm bay rantye w la lajan kach sa ou pa resevwa resi pou li nan menm moman an. Si rantye a refize ba w yon resi, kite li mennen w nan tribinal la, epi peye lajan an devan jij la. Si w genyen deja yon ka nan tribinal la , pran yon Lòd pou Montre Kòz, epi peye lajan an nan tribinal la.

This article was posted January 25, 2008